Oryantasyon legal

separador-migrante

Tip viza tanporè yo nan Chile

Oryantasyon legal

separador-migrante

Tip viza tanporè yo nan Chile

Viza touris

Viza sa a pèmèt ou antre Chili kòm touris. Ou ka nan peyi a pou 90 jou, epi ou ka pwolonje li pou yon ti tan ankò ki pa dwe pase 90 jou.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Lè’w rive nan peyi Chili ou ka jwenn ni nan nènpòt kontwòl migratwa nan peyi a.

Enpòtan: Viza sa a se pou nasyonalite Venezuela, Cuba, China. Tcheke tout nasyonalite yo la.

Viza sijè a contra

Yo bay pèmi sa a ak etranje ki vle konpli yon kontra travay nan Chili. Li dire 2 zan.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

  • Si ou nan peyi etranje ou ka mande´l nan konsila Chilyen an.
  • Si ou Chili ou ka mande’l nan Depatman imigrasyon ak migrasyon.

Pou ka konnen detay yo rantre la

Viza Tanporè

Viza sa yo bay li ak etranje ki demontre ke yo gen lyen fanmiy nan Chili oswa entansyon pou yo rete nan peyi a pou rezon ekonomik oswa pou motif pèsonèl.

Viza sa a pwolonje pou yon peryòd maksimòm de yon ane, renouvlab jiskake´l ranpli de zan.

Pou ka konnen detay yo rantre la.

Viza etidyan

Viza sa a pèmèt ou etidye nan peyi Chili nan nenpòt degre akademik tankou yon elèv regilye. Ou ka nan peyi a pou yon peryòd maksimòm de 1 an, viza sa renouvlab jiskake ou tèmine etid ou.

Si ou gen yon bous detid ou ka rete jiskaske benefis la fini.

Viza sa a pa pèmèt ou travay san otorizasyon Depatman imigrasyon.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Ou ka mande´l nan nenpòt konsila Chilyen nan peyi kote´w ye a oswa nan nan Depatman imigrasyon ak migrasyon nan Chile.

Konnen tout detay yo la.

Pèmanans definitif nan peyi a.

Pou´w ka gen pèmanans definitif nan Chili kòm etranje li nesesè pou´w gen yon viza tanporè ki a jou.

Avèk pèmisyon sa a ou ka rete definitivman nan peyi a epi ou ka devlope kèlkeswa aktivite legal.

Si´w vle konnen plis detay sou pèmanans definitif la rantre la.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Pèmisyon sa yo bay li sèlman pa entènèt, pou´w ka genyen´l rantre la.

Enpòtan: Si’w gen timoun minè, ki pa gen okenn viza oswa ki nan pwosesis, Mèri Reina a gen yon pwogram ki rele (“Programa Chile te recibe” pwogram Chili ap resevwa´w) Avèk pwogram sa nou akselere pwosesis viza tanporè pou tifi, ti gason ak adolesan. Si´w vle fè pati de pwogram sa a ekri nou nan. migracion@mlareina.cl

Si w’ap viv nan komin Reina epi ou bezwen èd nan pwosesis migratwa ou.

Viza touris

Viza sa a pèmèt ou antre Chili kòm touris. Ou ka nan peyi a pou 90 jou, epi ou ka pwolonje li pou yon ti tan ankò ki pa dwe pase 90 jou.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Lè’w rive nan peyi Chili ou ka jwenn ni nan nènpòt kontwòl migratwa nan peyi a.

Enpòtan: Viza sa a se pou nasyonalite Venezuela, Cuba, China. Tcheke tout nasyonalite yo la.

Viza sijè a contra

Yo bay pèmi sa a ak etranje ki vle konpli yon kontra travay nan Chili. Li dire 2 zan.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

  • Si ou nan peyi etranje ou ka mande´l nan konsila Chilyen an.
  • Si ou Chili ou ka mande’l nan Depatman imigrasyon ak migrasyon.

Pou ka konnen detay yo rantre la

Viza Tanporè

Viza sa yo bay li ak etranje ki demontre ke yo gen lyen fanmiy nan Chili oswa entansyon pou yo rete nan peyi a pou rezon ekonomik oswa pou motif pèsonèl.

Viza sa a pwolonje pou yon peryòd maksimòm de yon ane, renouvlab jiskake´l ranpli de zan.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

  • Si ou nan peyi etranje ou ka mande´l nan konsila Chilyen an.
  • Si ou Chili ou ka mande’l nan Depatman imigrasyon ak migrasyon.

Pou ka konnen detay yo rantre la.

Viza etidyan

Viza sa a pèmèt ou etidye nan peyi Chili nan nenpòt degre akademik tankou yon elèv regilye. Ou ka nan peyi a pou yon peryòd maksimòm de 1 an, viza sa renouvlab jiskake ou tèmine etid ou.

Si tienes beca podrás estar el tiempo que dure tu beneficio.

Esta visa No te permite trabajar sin previa autorización de extranjería.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Ou ka mande´l nan nenpòt konsila Chilyen nan peyi kote´w ye a oswa nan nan Depatman imigrasyon ak migrasyon nan Chile.

Konnen tout detay yo la.

Pèmanans definitif nan peyi a.

Pou´w ka gen pèmanans definitif nan Chili kòm etranje li nesesè pou´w gen yon viza tanporè ki a jou.

Avèk pèmisyon sa a ou ka rete definitivman nan peyi a epi ou ka devlope kèlkeswa aktivite legal.

Si´w vle konnen plis detay sou pèmanans definitif la rantre la.

Ki kote mwen ka jwenn ni?

Pèmisyon sa yo bay li sèlman pa entènèt, pou´w ka genyen´l rantre la.

Enpòtan: Si’w gen timoun minè, ki pa gen okenn viza oswa ki nan pwosesis, Mèri Reina a gen yon pwogram ki rele (“Programa Chile te recibe” pwogram Chili ap resevwa´w) Avèk pwogram sa nou akselere pwosesis viza tanporè pou tifi, ti gason ak adolesan. Si´w vle fè pati de pwogram sa a ekri nou nan. migracion@mlareina.cl

Agradecimientos a fundación Sitadel por la traducción